octobre 17, 2021

Le Tout Au Pluriel Magazine

Nous sommes vos yeux et vos oreilles

Ann dekouvri Pòdepè

4 min read

Warning: Attempt to read property "post_excerpt" on null in /srv/disk5/3553831/www/letoutauplurielmagazine.com/wp-content/themes/newsphere/inc/hooks/hook-single-header.php on line 67
Partagez cet article
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  

Jodi a m vin pale nou de vil kote m soti an Pòdepè. Vil sa fonde nan lane 1644 pa kolon panyòl yo ki te sinome l valparezo ki vle di vale kote w jwenn anpil plezi nan lan fransè  » vallée de délices ». Aprè kolonizasyon panyòl yo vin gen kolonizasyon fransè yo ki vin rele l Pòdepè paske l te toujou yon ti kote pezib jiskensi menmsi tout kote gen kraze brize. Li toujou poze l tèt frèt antouka non an sanble avè l. Li leve nan ran komin nan lane 1812. Li se chèflye depatman Nòdwès epi li se yon awondisman ki gen 5 komin sou kont li ki se: Pòdepè, Latòti, Basenble, Chansòl epi Lapwentdèpalmis. Li gen 5 seksyon kominal tou ki se: Boden premye seksyon kominal, Obè dezyèm seksyon kominal, Mawotyè twazyèm seksyon kominal, Anba Moustik katriyèm seksyon epi Polen Lakòn senkyèm seksyon. Li delimite konsa:
1) Lès Pon Grigri pase pran Ravin Dewoulen
2) Nò pa lanmè an
3) Lwès pa nan bouchi, Twa Rivyè (sèl grenn rivyè nan repiblik Dayiti ki travèse twa depatman Nò, Latibonit, Nòdwès epi senk komin Plezans, Pilat, Gwomòn, Basenble epi Chansòl) li moute pa Mòn Blòkòs, nan Demelis ak Mòn Lopital.
4)Nan Sid pa Fatima Lakoup pase pran Labèlplas.

Nan lane 1685 li vin premye kapital koloni fransè a nan Sendomeng. Vil sa toujou sibi anpil move moman tankou nan Jiyè 1695 anglè yo atake l epi piye pou t ka tire revanj bay espedisyon jamayiken ki te mennen nan lane 1694 avèk  » Jean Baptiste du Casse ». Nan lane 1802 Jeneral Mòpa te redwi l an sann lè Jeneral Leklè te prè pou l te debake ladan l, li te repliye epi l t al kache Fòdètwapaviyon. 67 lane aprè yon goudougoudou detwi l ak Fò Libètete. Nan lane 1891 yon goudougoudou detwi katredal vil sa. Samdi 6 Oktòb 2018 li sot frape pa yon lòt goudougoudou ki gen manitid 5,9. Youn nan rezon ki fè toujou gen goudougoudou sa yo nan vil Pòdepè se paske li travèse pa fay septantriyonal epi fay sa toujou an aktivite. Vil Pòdepè gen anpil bèl sit touristik tankou: Trou Bondye, Fòdètwapaviyon ki se kote ou vin jwenn chapèl Sen Jozèf la, Tifò ou jwenn Li dèyè kaypè a, Alyans fransè ki nan ri Benito Silven ki te kay ansyen prezidan Emil Jonasen, Gran Fò ou Fò Nikola kote yo te tire Jeneral Moyiz ki se neve Jeneral Tousen Louvèti se la yo te vin fè kazèn ansyen lame ki tounen komisarya , Fò Pajo, Fò Lavo ki pa twò lwen lanmè a, Batri mòn Sentwen ak Blòkòs, Katedral la ki fonde an 1670 an bwa vin renove pa kòmansman travay yo nan lane 1894 sou administrasyon Pè Pyè Kersuzan epi enjenyè Reimer ak Brunet te fini an 1903 sou pè Pòl Mari Lebyen e dènye pase men nan Katedral la t fè pa enjenyè Belizè, Plas Katedral la ki te yon ansyen mache, Plas Kapwa Lamò ki te rele Plas Lwisèz, Plas Eveche ou Channmas nan tan fransè ki se kote yo vin fonde Eveche a pa enjenyè Belizè, Lise Tètilyen Gilbo ki fonde 23 Fevriye 1932, legliz monfò ki fonde an 1946 elatriye. Menmsi w wè Pòdepè pezib li se premye kote ki fè rezistans a lokipasyon amerikèn ak fransè tou avèk Padre Jan. Vil sa gen anpil otèl tankou: Byenveni ki se premye otèl vil la, Holiday ki se premye otèl a karaktè modèn vil la, Breeze Marina, Rendez Vous Club, Breeze América, Merventina elatriye. Pou plaj li genyen nan chalè ki pa amenaje e zòn sa vin abite pou la premyè fwa pa regrete memwa epi ansyen depite Amori Franswa, Ofouno, Nan bouchi elatriye. Li gen plis pase senkant lekòl primè tankou: Kay Frè a, Etyèn Sentil, Yave Chama elatriye. Li gen plizyè lise tankou Tètilyen Gilbo, Franswa Kapwa, Estenyo Vensan elatriye. Li genyen anpil lekòl segondè Lesli Doktè, Primad Lespri, Nòtredamdeloud elatriye. Li gen yon sèl inivèsitè prive ki se valparezo ak 2 leta ki se Upnopp epi Edsep. Li gen kèk lekòl pwofesyonèl tankou Lasal, Dhct elatriye. Li genyen plis pase yon dizèn estasyon radyo tankou: Ilizyon, Ideyal, Pèfeksyon elatriye. Malgre tout bèl istwa sa yo vil la genyen ak sit touristik yo men sa pa anpeche moun gade l mal paske pa gen wout, elektrisite elatriye. Li gen yon sèl Lopital ki ta mande kraze epi refè. Li gen 3 teren foutbòl ki se Pak Jelen, Pak Awòl Danyèl, Pak Kapwa Lamò. Li gen de mache prensipal ak kèk lòt ti mache rejyonal. Ou pa la konte legliz ladan l. M tèlman renmen vil sa anfen si chak grenn sitwayen ki ladan l te renmen l tankou m antouka li t ap rale yon gwo pa sou chimen devlopman.

Se yon devwa pou chak moun pou w pataje pou piti ti kras sa ou te resevwa a. Sitasyon Albert Einstein

Menmsi m pataje sa m konnen an ansanm m ap toujou konnen l e menm konnen plis toujou. Se sèvitè w

Noel Guerbens✍🏿
Tel 242 467 59 59
, le Chavez Ayisyen.