octobre 28, 2021

Le Tout Au Pluriel Magazine

Nous sommes vos yeux et vos oreilles

Se kolon blan rasis yo ki te ekri listwa malatchyong lan ki fè fanm ki te patisipe nan anpil gwo konba pou lendepandans nou pase a lenfinitif

3 min read
Partagez cet article
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  

Anpil Fanm vanyan te jwe gwo wòl nan batay ke zansèt nou yo t ap mennen pou wete tèt yo nan lesklavaj jenosid 3 syèk teworis fransè yo, men yo pa janm jwenn glwa ke yo merite, paske se yon mil gason chovinis ak lenmi nou ki te toujou ap ekri listwa n nan sans pa yo.

Se konsa yon fann ekstraòdinè tankou Cécile Fatiman/Fatima ki te jwe yon gwo wòl kòm òganizatè enpòtan nan kokenn-chenn rasanbleman 14 d’aout 1791 la, prèske pase inapèsi, epi istoryen magouyè, seksis yo lonje tout kredi a bay Boukman.

Jodi a, ann voye je gade yon lòt fann ekstraòdinè ki pa t pote jip li pou bèl twal. Suzane Sanite Belaire te fèt afranchi nan Vèrèt, Depatman Latibonit, nan lane 1781.

Sa vle di Sanite pa t fèt esklav. Sanite Belaire, konbatan pou libète, revolisyonè fawouch pou egalite dwa moun, enspirasyon pou tout fanm k ap goumen pou libète ak chanjman kondisyon lavi yo, te rive lyetnan nan lame endijèn la.

Papa Desalin te rele Sanite tigrès pou bravou l ak ladrès li nan fason l te konn atake kolon fransè yo.

Sanite te marye ak kòmandan brigad, ki te vin jeneral pita, Charles Belaire, nan lane 1796. Sanite ak mari l Charles Belaire te responsab gwo leve kanpe ke esklav yo te fè nan Latibonit. Depi lè sa a, fransè yo te vle poze pat yo sou Sanite ak Charles pa tout mwayen.

Selon sa listwa aloral rakonte, sòlda fransè yo te kaptire Sanite pou kont li, li te voye di Charles pa pote tèt li bay fransè yo, rete dèyè pou l goumen, men lanmou Charles pou Sanite, pa t pèmèt li fè sa. Charles te pote tèt li bay sòlda fransè yo an echanj pou libète Sanite.

Sòlda fransè yo te mete ni Sanite ni Charles sou arestasyon e kondane yo a mò, le 5 oktòb 1802. Santans Charles se te pou ploton an tire sou li jiskaske l mouri epi koupe tèt Sanite.

Sanite pa t dakò pou yo koupe tèt li, li te di sòlda yo ke li se militè menm jan avè yo, se tire pou yo tire l pandan l ap gade yo nan je lè y ap sasinen l lan. Sanite gade ak bravou lè sòlda yo t ap fizye Charles Belaire anvan, apre se te tou pa Sanite pou fransè yo te touye l, fransè yo te vle banje je Sanite pou l pa t wè y ap tire sou li, li te di sòlda fransè yo nonsèlman, yo pa p bande je l, men ba l premye bal la nan tete gòch li.

Sanite te kale je l nan je sòlda fransè yo tout pandan yo t ap tire sou li a. Fransè yo te fòse lòt esklav yo vin asiste ki jan yo t ap sasinen Suzanne Sanite ak Charles Belaire, pou lage laperèz nan nanm yo pou yo pa revòlte.

Pandan Sanite t ap rann dènye souf li, li kriye ak tout fòs li nan yon dènye zak ewoyik: “ « `viv libète, aba lesklavaj« ` ”, nan lojik pou l te fè lide revolisyonè a antre byen fon nan sèvo ak lespri esklav yo. Men ki kalte fanm brav, chaje ak kouraj, ekstraòdinè ke Suzanne Sanite Belaire te ye.

Sanite te mouri kanpe pou libète, li pa t mande asasen fransè yo padon tankou yon vilgè kapon. E nou menm, eritye sakrifis Sanite yo, èske n ap kontinye viv pi mal pase lè Sanite Belaire t ap viv nan epòk pa l la?

Polycarpe Le Grand Zephir

Tous droits réservés, 23 Avril 2020.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE! NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.