L’heure est à la révolte.
2 min read
This post has already been read 212 times!
Yon peyi kote pa gen leta ka panse pou pèp, yon peyi pa gen lopital, yon peyi kote dlo trete se “luxe”, yon peyi kote swen medikal se “luxe,” yon peyi kote leta pa pè bay pèp li manti, yon peyi kote avni jèn ki fè sakrifis al lekol pa garanti.
Eskew dako? WI OU NON
Yon peyi kote pitit li ki dewo paka antre, yon peyi kote pitit li bezwen tounen pou vin’n envesti parèt enposib, yon peyi ki pèdi respèl devan le mond
Eskew dakò? WI OU NON
Eskel posib pou yon pèp ap viv nan kondisyon sa yo pandan setan nou gen anpil moun ki trè mal fòm e ki pa gen oken’n visyon ni akoutèm ni lon tèm pou peyi a, epi nou chita ap gade yo tande yo kap ba nou manti chak jou.
MENMJAN JEAN- JACQUES DESSALINES TE DI : “”APRÈ SAL TE FIN’N FÈ NAN SID, SI SITWOYEN NAN SID YO PA LEVE KONT LI KONNEN YO PA “”HOMME””.
EBYEN SI NOU PA REVOLTE KONT SITIASYON LAVI NOU KONNEN NOU PA MOUN.
Lajenès moman rive pou nou revolte nou pa dwe pè mouri ni pè prison, paske sitiasyon nap viv la se kòmansi nou te nan prison an’n fè yon feso pou nou chanje sa yon fwa pou tout , si lage bay bagay yo sa pap jan’m chanje, paske moun nou vote pa gen volonte pou chanje anyen.
Alors Unissons-nous nousby mes frères et soeurs.
#LAJENÈSANANVAN
# L’HEURE EST À LA RÉVOLTE.
Aktivis e jounalis
Email: guitalmercedat78@gmail.com
GM!
Tous droits réservés, 27 Avril 2020.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE! NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
This post has already been read 212 times!
Partagez nos articles