octobre 19, 2021

Le Tout Au Pluriel Magazine

Nous sommes vos yeux et vos oreilles

SEN LWI NAN NÒ, AYITI JIYÈ 2020 Lèt tou louvri Ekriven, Pwofesè Camoëns Zicky Daniel, pou Pwofesè lekòl prive ak lekòl piblik

5 min read
Partagez cet article
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  

Objè: Kouraj nan tribilasyon konfinman nou

Kòlèg anseyan,

Mwen tande soupi nou yo, mwen tande gwo rèl jouk nan silans nou; silans nou degaje lodè regrè, mepri ak endinyasyon. Mwen tande gwòsè kout rigwaz pwòp vokasyon nou ap lage sou kò nou tankou nan lespri nou. Mwen tande nou menm k ap mete an kesyon libète pou travay ak travay pou genyen libète. Kòlèg Anseyan, mwen santi sa nou santi a tou paske nou sou menm bato. Pledwari sou valè salè ak sou privilèj sosyal nou se sèl chante revolisyon ki pa janmen soti sou tèt bouch mwen. Nan kanaval eskandal ak nan karavàn an pàn, grangou kadnase trip nou, move lavi menote nou, mete jenou sou kou nou jouk pwojè nou yo trepase. Mwen tande nou menm k ap di si nou te konnen nou pa t chwazi metye sa a (fè lekòl) paske se yon pwofesyon yon pati nan sosyete a konsidere tankou tòchon, alòske se nou ki bay Medsen, Agwonòm, Enjenyè, Avoka, Majistra, Depite, Senatè, Minis, Prezidan, pou mwen site sa yo sèlman. Mwen pwofite okazyon sa e bese mwen byen ba pou mwen salye kouraj, devouman ak detèmisyon nou genyen pou ofri pen lenstriksyon bay plizyè jenerasyon.

Mwen ekri nou pou mwen di nou kouraj nan moman konfinman an, kote pòch nou koule, trip madanm ak pitit nou ap chante tyòdò, tyòdò, lespri nou menm ap vasiye tribòbabò pou nou wè kote nou kapab fè yon kredi pou sove lavi nou ak lavi zanfan nou yo paske responsab se chay. Pandemi kovid-19 anvayi nou, pèsonn pa t prepare pou sa, lemondantye boulvèse. Men pwovèb an nou di: « de kòk mouye lapli, men gen youn ki mal pase lòt. » Se leka pou Ayiti ak peyi etranje yo. Kolèg pwofesè, mwen konnen byen ti kichòy nou konn abitye antre chak mwa pa t gen ase pou nou ekonomize paske kredi nou fè pandan yon semèn plis pase ti lamama nou touche pou yon mwa. Se tris men se yon reyalite. Ouvriye k ap travay merite bon jan salè, se sa yo di, men elas, pou nou ki se Pwofesè lekòl, nou gen yon salè ki pa ka reponn menm ak premye bezwen yo, tankou: manje, rad pou nou mete, alevwa pou lòt bezwen ki mande pi gwo egzijans, tankou konstwi kay pou nou rete, afème lojman pou nou abite, peye lekòl ak inivèsite pou ti moun nou yo… Nou nan pwen okenn privilèj sosyal, yo konsidere nou tankou zonbi niche.

Soti mwa mas pou rive jouk jounen jodi a, depi lè eta ijans sanitè a deklare sou tèritwa Ayisyen an, anpil Direksyon lekòl pa janm mande nou: kisa nou pote pou vann? Ki sa nou fè pou nou viv? Poutan se menm Direktè oswa Pwopriyetè lekòl sa yo ki toujou ap egzije nou gout san nou nan kalite travay n ap bay la, jodi a menm gwoup moun sa yo bliye si nou te egziste. Ala yo ipokrit, dirijan lekòl! Ala yo gen lespri, pwopriyetè lekòl! Ala nou enbesil, Pwofesè lekòl! Ala nou sòt Pwofesè lekòl! Ala nou pa konn valè nou, Pwofesè lekòl! « Ase kale pwa, bòl la plen. » Ti moun kriye pou grangou, gran moun kriye pou bezwen; anpil Pwofesè lekòl kriye ni pou grangou ni pou bezwen. Nou va ekskize mwen sitoufwa mesaj sila ta ofanse nou, men se yon reyalite reyèl. Kòlèg anseyan, reveye nou, sispann pann bourike pou Pwopriyetè galonnen. Mezanmi, pou tanndat Pwopriyetè lekòl ap fè benefis, genyen lekòl ki genyen 15 lane, 20 lane…. 50 lane depi yo egziste epi jodi a pòt lekòl fèmen, ata menm ti kit alimantè pa rive jwenn Pwofesè yo ki nan plis bezwen pase yon lòt, Ala nou san kè, Direktè, pwopriyetè. Lè sa bon, li bon pou mèt lekòl, lè sa mal se pwofesè ki peye po kase. Ala enstitisyon genyen movèz fwa sa se lekòl? Chak rantre klas, elèv peye obligatwa. Obligatwa pou fè kisa? Petèt se pou achte kèk ti materyè l eskolè ak kèk lòt bagay k ap itilpandan ane a. Mwen pa inyore sa. Men se kisa ki pwevwa pou nou menm Pwofesè nan lajan obligatwa sa a? Èske, nou menm tou, pa bezwen fè preparasyon pou rantre Klas?

Kolèg Anseyan, pa panse mwen ekri nou pou mwen panse maleng nou, mwen ekri nou pito pou mwen djige maleng nou pou move san kapab koule. Ki move san? San ki fè nou pa konnen dwa ak devwa nou, san ki fè nou konplekse, san ki fè nou konprann Pwofesè pa dwe fè jaden, mason, plonbri, ebenis, kouti, mekanik, taksi elatriye. Pèmèt mwen di nou Pwofesè nou se moun tankou tout moun, bouch nou fann menm jan ak bouch tout moun, pa dwe genyen travay ki ni enferyè ki ni siperyè pou pèsonn kèlkanswa tit li ta pote paske travay bay libète.

Pwofesè lekòl prive
Fwa sa a, mwen ap envite nou pase men nan je nou, gade responsab lekòl yo je nan je, sispann negosye tèt bese, sispann negosye ak pitye, sispann vann konesans ak santiman. Konesans vann ak tout pri li sou li sa vle di se konesans menm ki di men konbyen l koute, men kisa l vo. Kòlèg Pwofesè, sispann kite se zòt ki deside pri konesans nou. Louvri je nou byen louvri, nan respè youn pou lòt, pou nou defann enterè nou. Moun pa defann enterè pou moun. Se nou ki pou defann pwòp enterè nou.

Pwofesè lekòl piblik
Selebrasyon nominasyon
Pafwa mwen konn ede nou ri, e menm di nou felisitasyon lè nou jwenn lèt nominasyon paske mwen wè n ap fete. Men lè m rive lakay mwen, franchman, mwen pran lapèn pou nou paske mwen konnen nou pral pase plizyè lane leta p ap voye chèk pou nou pandanstan nou pral travay chak jou. Ala yon Leta kriminèl sa papa! Ala yon Leta iresponsab sa papa! Nou menm pwofesè k ap travay ki fè plis pase twa zan/4 an nou pa touche, mwen mande m, kijan nou fè viv. Mwen mande m, ak kisa nou pran swen tèt nou ak swen fanmiy nou. Tris reyalite. Leta, tanpri souple, lage moun nou kondane pou kriminèl yo epi pran plas kote yo te ye a, bann kriminèl.

Kolèg pwofesè, konfinman vrèman konfime dezagreman n ap sibi anba men Pwopriyetè ak Responsab lekòl. Sepandan se pa yon mwayen pou nou dekouraje, men se pito yon okazyon ki ofri pou nou wè lavi nou yon lòt jan, chanje fizi nou zepòl, pa konte sou fè lekòl sèlman. Mwen konseye nou defann dwa nou jiskaske solèy lespwa leve pou nou, pou fanmiy, pou avni ti moun nou yo, menm pou avni ti moun n ap anseye yo.

Camoëns Zicky Daniel,
Ekriven, Dizè, Konpozitè, Pwofesè

Telf: 3755 36 90/ 434898 36
camvensleya02@gmail.com
9/07/2020/
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE
TOUT DWA REZÈVE
NOU SE ZYEW AK ZÒRÈY OU.