octobre 19, 2021

Le Tout Au Pluriel Magazine

Nous sommes vos yeux et vos oreilles

ANPIL NAN NOU SE RESKAPE !

4 min read
Partagez cet article
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  
  •  

M ap raple nou sa fè 216 lane depi n soti nan lesklavaj. Sa fè nou sonje nou te oze di nou libere an 1804 anba grif kolon ki t ap maspinen n. Nòmalman, yon pèp ki libere vrèman, èske l ta dwe viv nan jan pèp Ayisyen an ap viv la a? Nan kondisyon sosyete a ye a, jan anviwònman n ap viv la ye a, modèl edikasyon nou an, fason ekonomi an ap mache, twoub politik ki genyen nan peyi a depi plis pase 30 lane, san bliye inegalite sosyal k ap vale teren, elatriye, eske nou pa yon bann reskape ?

Yon moun ki se yon reskape ou ta ka di se yon moun ki echape oubyen ki soti nan yon aksidan. M pa twò bezwen eksplike kòman peyi a ta ka prezante tankou yon aksidan, men pito an n gade kòman nou se yon bann reskape si nou ta ka konsidere kèk paramèt,

*1) Pwoblèm edikasyon*
Tout kondisyon reyini nèt pou prèske tout ayisyen pa ta fè okenn gwo eksplwa nan edikasyon. Soti nan fonksyònman lekòl primè, pase nan segondè pou rive nan inivèsite yo. Yon moun ki rive swa doktè, enjenyè, agwonòm, jounalis, kontab, ak lòt metye nou pa site yo, se yon reskape. Malgre jan lavi prezante, mizè nou pase pou etidye nan balèn, san manje, pran wont nan tounen pou kòb lekòl… anpil nan nou rive soti tèt nou kanmenm. Bravo pou nou ! Inivèsitè, pwofesyonèl, fyè paske nou se reskape sistèm sa a.

*2) Pwoblèm anviwònmantal*
Si chak segond plizyè dizèn ayisyen pa mouri akoz de jan anviwònman an ye, se Bondye ki kenbe nou, kòm anpil nan nou kwè « BONDYE BON ». Lari yo sal, dlo yo pa pwòp, manje yo chaje mikwòb, yon mwa p ap pase san nou pa gen lafimen kawoutchou nan tou nen nou… Franchman, jan Dr Ricot Delva renmen di l, « Tout ayisyen fè 99 maladi, jou l fè dènye a pou l rive gen 100 maladi, l ap tou mouri ». Malgre sa, anpil Ayisyen fè efò yo viv 60, 70 zan. Yon nèg ki nan senkantèn gen yon seri maladi ou pa fè, ou santi sante w anfòm, kò w djanm toujou, konsidere w se yon reskape.

*3) Pwoblèm sosyal*
Sa merite pou n ta ba l legen, men podyab nou pa kapab paske se la nou ye, se la fanmi nou ye, n ap dakò, sosyete a prale ala deriv chak jou pi plis. Deja, gen anpil bagay nou pèdi tankou, timoun ki pa respekte granmoun ankò, granmoun pa ka blame timoun ankò, timoun pran dwòg jan yo vle, timoun lage nan fè sèks pi rèd ke paran yo, sa ki vin lakòz plis timoun ap fè timoun pase jèn moun. Sa m ap di nou la a, se gwo bout tonton verite wi, sosyete nou an malad jouk nan zo. Yon jèn ki nan trantèn, ou gen gen yon seri bagay ou pa gentan oubyen w pat tonbe ladan yo, konnen w se yon bon reskape paske sosyete a ekspoze nan yon wout kote machin ou, kèlkeswa mak li ta ye, jan fren l ta bon, jan chofè a ki se ou menm ta konn kondui… pou w ta fè aksidan, gwo aksidan ki ta dwe tou disparèt ou nan sosyete a.

*4) Pwoblèm ekonomik*
Nan yon liv mwen toujou renmen li « Père riche père pauvre », Robert Kiyosaki eksplike lekòl edike nou pou aprann yon pwofesyon pou n ka vin jwenn yon djòb demen. Se sa k ap pase aktyèlman nan peyi d Ayiti. Nou gen yon leta ki plen k ap debòde tèlman li gen anplwaye, e menm moun sa yo konprann se nan leta yo pral fè richès yo. M ap di nou sa, leta pa kreye richès, se antrepriz ki kreye richès, sèlman leta dwe mete bon jan kondisyon pou envestisè vin konstwi gwo izin pou bay anpil moun travay. Toutan leta pa met kondisyon sa yo, tankou ranfòse kapasite pou peyizan yo pwodi, n ap toujou nan achte menm yon grenn sitwon nan lòt peyi, rezilta a p ap lòt, dola a ap toujou monte 17 wotè, paske pwodiksyon Nasyonal la a zewo. Kondisyon yo reyini pou majorite antrepriz ta fè fayit isit, si jodi a ou ka kanpe kòm yon antreprenè k ap grandi ekonomikman, ou se yon reskape.

Nou se yon bann reskape, se vre nou viktim yonn pou m pa di plizyè aksidan menm, men pou sa k ap pase nan peyi a, èske nou pare pou n sibi yon lòt aksidan ankò? E si sa ta rive, èske nou panse n ap ka sove jan nou te sove nan aksidan ki pase yo?

M pa swete nou kontinye ak yon peyi kote tout moun parèt tankoun se yon reskape, fòk nou ini nou ansanm, fòk nou met lòd nan fonksyònman sosyete a, fòk nou pwoteje anviwònman sitou pou jenerasyon k ap vini an, fòk nou kreye estabilite politik ak ekonomik nan peyi a,… sinon pitit ak pitit pitit nou p ap menm gen chans reskape.

*Cangé S. Wisberno*
cwisberno@gmail.com

Tous droits réservés, 16 Juillet 2020.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE! NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

Partagez nos articles