sam. Jan 16th, 2021

PLIS YO BAY TRIPOTAY, FANM NAN VIN PI DAMOU NONM LI, LI SANBLE KONSA TOU WI NAN POLITIK.

5 min read
Spread the love

This post has already been read 1183 times!

www.letoutauplurielmagazine.com

Mw gen plis ke 35 lane depi m ap swiv politik nan peyi d Ayiti. M viv evènman Kaya fas ak François Duvalier nan koumansman ane 70 yo, m viv evènman ane 80 yo, m viv dechoukay 86, pou m al tonbe nan eleksyon 16 desanm 1990 ke ansyen pè Sen Jan Bosko a, Jean Bertrand Aristide t ap al genyen depi anlè, nan premye tou, malgre anpil diskriminasyon klas ke l te viktim.

Yon eleksyon inoubliyab nan listwa d Ayiti men ki kanpe la, ki pa depase pwent nen l.

Evenman yo toujou sanble chak 20 tan menm si konjonkti yo parèt diferan.

Nan moman sa a an Ayiti, pa gen eleksyon, pa gen espwa eleksyon ditou ak rejim sa a, men gen yon fyèv m ap swiv la a depi peyi Almay, kote m ap viv nan egzil fòse depi plis ke 25 lane, ki ba w sant yon fyèv elektoral.

Menm jan nan ane 88-89, non Jean Bertrand Aristide te sou tout bouch, yo te di bon bagay, yo te di move bagay sou li se menm bagay la k ap pase la a ak yon nonm kou Moïse Jean-Charles, lidè Pati Politik Pitit Dessalines nan.

M eseye fouye sou jennonm sa a, depi plis ke 15 lane, m pa gen okenn gwo koze m ka repwoche l. Nan ankèt mwen, ke se swa nan sèvis m konn kowopere ak yo oubyen listwa resan, se yon nonm ki « PWÒP » politikman, sosyalman, ekonomikman.

Mw fouye nan tout kote nonm sa a te pase, m pa rive jwenn anyen. Mw pap fè manti.

Sa m jwenn yo se ti defo ki pa gwo bagay, tankou yo di w Moïse renmen nan tèt bann nan, li renmen kòmande, li pa fye tout moun, elatriye.

Malgre yon pakou pwòp, Moïse Jean-Charles lidè politik klas boujwazi ki konsèvatè a, ki gen mès ak abitid retwograd la pè anpil, diskou politiko – ekonomik misye a fè yon gwo moso nan klas boujwazi ayisyen an tranble nan kanson yo, pandan ke nan menm klas boujwazi sa a Moïse toujou rekonèt ke gen yon franj ki onèt, ki vizyonè, ki pwogresis. Se li k di l e nou kwè sa tou, menm se ti kras sa a minim.

Akoz laperèz sa a ke gwo moso nan boujwazi machann nan, ki refize kowopere nan Moïse Jean-Charles nan dènye jou sa yo pou eseye sal imaj li pou pèp la ta ka vire do bay miche.

Rezilta?
Fanm nan ( PÈP LA), vin pi damou nonm li ( MOÏSE JEAN-CHARLES), e si gen bon eleksyon ki dwat nan peyi sa a nan 2 zan, nan 3 zan, nan 4 tran, Moïse Jean Charles gen 85 pou san chans pou leve gwo lo a depi nan premye tou. E rès 15 pou san an ap separe nan mitan lòt moun k ap fè politik nan peyi a.

Analiz yo moutre, menm si yo ta pèdi eleksyon yo anfas li, yo ta aksepte li gen eleksyon yo, franj boujwazi mèkantil la ap prefere pòv olye pou yo pa ta depanse milyon pou soulve katye yo, gwoup òganize yo pou chavire lidè Pitit Dessalines nan ki deklare ke l se lagòch, olye pou menm boujwa sa yo ta konstwi izin transfòmasyon agrikòl, konstwi lopital ak lajan sa a pou yo pata bezwen pran avyon pou nenpòt ti malèz sante. Enterè ekonomik yo gra anpil. Nan ti pale ke jounalis Ricardo Perrón PEÑA Suza nan jounal Diario Libre te genyen ak Lula, Maduro ak Evo ak plizyè lòt aktivis politik latino-ameriken, li deklare ke yo respekte Moïse Jean-Charles anpil nan amerik la ak yon gwo pati nan karayib la, plis ke an Ayiti.

Malgre tout sa rechèch yo moutre, anpil detraktè politik, ke oligachi ekonomik tenas la bay lajan, yo kòmanse ap envante koze sou Moïse Jean-Charles, selon enfo nou jwenn.

Yo di li gen doub nasyonalite, malgre anyen ni pèsonn pa ka pwouve sa, yo di yo wè Moïse Jean-Charles nan gwo fèt kay Prezidan Jovenel prèske chak mwa, pou moutre w ke li pa sa l di l ye a vre. Pa yon zong prèv.

Nan fouyapòt nou, nou jwenn ke senatè a poko janm al lakay Prezidan Jovnel.

Yo rive yon kote, yo di ke yo wè Moïse Jean-Charles nan veye papa prezidan Jovnèl, yo menm di ke Moïse Jean-Charles te al nan antèman papa Jovenel. Nan pale n te genyen ak responsab kanbiz nan lanmò papa prezidan Jovenel, se ri moun yo ri. Yo di yo pa janm kwaze moun konsa nan lanmò a.

Moun nou kontakte nan kan ansyen senatè a di nou se manti pi rèd.

Èske nou pa riske leve maten epi tande yo ansasinen ansyen Majistra komin Milo a pou batay ekonomik la l ap mennen sou teren politik la ? Atak kont lidè Pitit Dessalines yo kache dèyè politik men se men ekonomik ki dèyè kout epe sa yo kont li. Men jenès la sanble konprann jwèt la, ou di yo bonjou, yo reponn ou JISKOBOU !, ki se eslogan pati politik k ap pwone rèv Desalinyen an.
Youn nan sa yo repwoche Jean Charles Moïse se paske l refize makònnen ak ansyen politisyen ki pase nan tout kabinè ak ministè nan peyi a depi 1990 pou bout jodi a. Moïse di moun sa yo pa gen vizyon chanje maladi peyi a soufri a ki se yon maladi sistemik, li sèmante pou l pa nan antre pran ministè, direksyon jeneral, epi pou sistèm politik ak ekonomik ki ap aplike Ayiti a pa janm chanje. Lè l di sa, yo si misye pa konn gou djòl li.

Sa anpil moun di, e se fraz sa a ki repete plis kote m fouye yo, sèl Moïse Jean Charles pèp la fè konfyans.

Ki lòt akizasyon ki pwal vini kont Moïse Jean-Charles pou mwa k ap vini yo? Èske sa ap fè lidè ki pi popilè an Ayiti nan moman an pèdi plas sa a ? Kiyès ki ka bay miche ban nan jwèt politik Bosal k ap jwe la a ? Mwen pa gen repons, chèche repons pa w pou kont ou.

Ekri pa

Jean CLébert Clément, Suisse Saxonne, Allemagne 25 Novembre 2020.

25 NOVEMBRE 2020

TOUS DROITS RÉSERVÉS
harryespoir@gmail.com
téléphone 50948438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE.

NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES..

Facebook Comments

This post has already been read 1183 times!

Partagez nos articles
0Shares

Supportez Nous

Translate »